samedi 16 octobre 2010

ENSÈYMAN CHIMI AN KREYÒL AYISYEN

Chimi an Kreyòl
Jan Erik Rene
Jedi 14 octòb 2010
 
Chimi pa maji ni majigridi. Akwoupi m chaje w.
 
Chimi dòmi kole ak kreyòl e yo se 2 bon zanmi. Gen anpil moun ki fè yon pakèt tan lekòl ki pa janm konprann anyen lan chimi. Se pa fòt yo! Lan tout lavironn dede saa, lan lang ki pa lang yo se nòmal pou yo fòrye. Yo kraze yon pakè epi yo vomi l sou fey egzamen yan. Yo fè gwo nòt pou yo pase. Epi? Anyen. Ni sak te chita sou ban lekòl, ni sak pa konn li: menmman pareyman.

Non sè
lman yo pa konprann yo pat gen chans antre lan yon laboratwa pou yo fè eksperyans pou yo konprann de ki prevyen. Kidonk chimi poko mennen peyi Ayiti okenn kote. Nou toujou lan dè kamyonèt la. Poutan Chimi jwe yon kokenn chen wòl lan lavi tout pèp sou la tè. An dedan kay nou, lan travay nou, lan tout gwo izin , laboratwa medikaman, manje, savon, fab, pafen, elatriye, lan tout se chimi kap mennen
.

Ki sak Chimi yan?

Chimi se yon syans ki etidye tout matyè ki genyen. Lap chèche konnen kouman yo fèt. Ki sa nou ka fè ak yo ki itil nou. Lè ou melanje youn ak lòt ki sa ou ka jwenn, elatriye.
Se granmesi chimi ki fè laboratwa fè medikaman ke nou jwenn lan famasi pou geri yon pakèt maladi

Se granmesi chimi yo mete kola, ji, lè
t, elatriye lan boutey. Pwa, mayi, sadin, pat tomat, bè lan bwat ta gate san chimi.

Se gran mesi chimi yo fè
karoutchou pou machin, penti pou pentire kay, lank pou mete lan plim, chanpou pou lave tèt, koulè pou nwasi cheve, elatriye.

Se gran mesi chimi ki pèt yo fè papye pou nou ekri, liv pou nou li, soulye, boyo, twal pou fè rad, pat dantifis, kloroks pou blanchi rad, elatriye.
 
Tablo peryodik eleman

Chak matyè gen yon seri de eleman natirèl ki fè yo tankou: fè, lò, kwiv, aliminyòm, oksijèn, idwojèn, plon, elatriye. Se lan melanje youn ak lòt ki fè yo arive fè bonm. Nou gentan konprann ke nou paka mete nenpò ki eleman ansanm. Gen lis alfabetik eleman chimik yo ak tout senbòl yo sètadi non jwèt yo, ak kantite atòm ke yo chak genyen. Yo reprezante chak eleman pa premye lèt ki komanse yo. Men si gen 2 eleman ki gen menm premye lèt yo ajoute yon dezièm lèt pou yo ka distenge yo ou byen yo chwazi yon lèt ke yo pa genyen ditou pou yo prezante senbòl yo. Premye eleman chimik ki parèt lan lis eleman yo se aktinyòm.Senbòl li se (Ak). Dènye eleman chimik lan se zikonyòm senbòl li se (Zr).

Se lan lane 1869, yon Ris yo rele Dimitri Mendeleèv te ranje tout eleman selon pwa atomik yo sètadi selon kantite atom yo genyen. Li divize yo an kolòn. Li ranje yo ak senbòl yo ak kanti atòm ke yo genyen. Founi je n na wè:

ELEMAN....ENBOL.......ATOM
Aliminyòm... (Al)....... 13
Antimwan.... (Sb)...... 51
Ajan...............
(Ag)...... 47
Astat ..............(At)...... 85
Azot............... (N).......... 7
.................. (B).......... 5
Bwòm........... (Br)...... 35
Eten.............. (Sn)...... 50
Fè.................. (Fe).......26
Fliyò............... (F)...........9
Fosfò............. (P)........15
Idwojèn......... (H)........ 1
Iranyò............ (U).......92
Iridyòm.......... (Ir)......77
Kalsyòm...... (Ca).....20
Kabòn.......... (C)..........6
Klò...............(Cl)....... 17
Kwò
m .........(Cr)......24
Kwiv...........
(Cu)...... 29

Lasini ........(As)...... 33
Lò.............
(Au)........79

Manganèz. (Mn)...25
Manyézyòm. (Mg. 12
Mèki........... (Hg).....80
Nikèl.......... (Ni)......28
Oksijèn........(O)...... 8
Platin......... (Pt)..... 78
Plon ..........(Pb)..... 82
Plitonyòm .(Pu)....94
Potasyòm...(K).....19
Sélényòm.. (Se)... 34
Silisyòm.....Si)......14
Sodyòm......(Na)...11
Souf...........(S).......16
Yòd............ (I)........53
Zenk..........(Zn).....30
Zikonyòm ..(Zr)....40



Reyaksyon chimik

nou mete sitwon lan lèt nou wè li tounen. Lè nou mete kloroks sou yon tach ou byen yon kras li efase l. Se sa yo rele yon reyaksyon chimik. Se konsa tou si nou bwè lasini ou byen si nou mete kloroks ou byen asid batri lan yon vè dlo nou bwèl lap koupe trip nou. Pou evite malè ak desagreman lan fè melanj, pou nou pa di si m te konnen, yo klase tout eleman ki fè matyè yo lan tablo peryodik tout eleman ak kantite atòm yo.

Sa yon atòm ye?

Yon atò
m se pipiti zwit ki fè eleman yon matyè. Se pa fasil pou arive fann yon atòm. Gen gwo laboratwa ki arive divize atòm yo an 2 moso. Youn yo rele plitonyòm, yon lòt ki rele iranyòm pou yo fè bonm atomik. Lan dezièm gè mondyal la, se ak li Ameriken te fè disparèt 2 gran vil lan peyi Japon: Irochima ak Nagazaki. Se pa tout peyi ki gen teknoloji saa. Lè plizyè atòm kole ansanm, yo rele yo MOLEKIL
 
TOUT ATO
M PA MENM

a) Genyen ki gen chaj positif yo rele YO KATYON pa egzanp:

Kwiv = Cu ++ ;

Aliminyò
m = Al +++ ;

Idwojèn = H +

b) Genyen ki gen chaj negatif yo rele yo ANYON tankou:
 
Oksijè
n : O- -

nou mete katyon idwojèn H + ak anyon oksijèn O- - ansanm yo bay dlo:

2H2 + O2 H 2o

Se 2 eleman ki kole ansanm ki bay dlo se: Idwojèn H 2 ak oksijèn O2. Ti 2 nou wè anba H2 la ak anba O2 wa vle di ke se gaz yo ye. Pa bliye chak fwa ke nou itilize yon matyè ki se gaz nap toujou wè ti 2 saa anbal. Fòmil dlo nap bwè chak jou wa se: H2O


2 eleman kole tèt yo pou fè yon lòt matyè, yo rele sa yon ekwasyon chimik. Fòk yon ekwasyon chimik byen balanse. Pa fèt pou gen yon bò ki pi lou pase lòt sètadi pa fèt pou gen plis yon lan youn ke lòt. Se sak fè nou blije pran 2 H+ paske idwojèn gen yon sèl yon H +. Fòk li egal ego ak Oksijèn ki gen 2 yon O- - . Yo makonnen kò yo pou yo fè dlo ki gen pou fòmil: H 2o. Saa se reyaksyon sentèz dlo. Gen yon lòt reyaksyon yo rele dekonpozisyon dlo:

 
2 H2O 2 H2 + O2

Nou mete dlo lan yon veso. Nou pase yon kouran ladan l. Dlo wa dekonpose. Li fann an 2 pati: Idwojèn lan fè yon bò. Oksijèn lan fè yon lòt bò. Nou pwal tounen sou sa pi devan.

Tout reyaksyon chimik fèt pou yo ekilibre. Se menm bagay tou lè yap prepare oksid zen ki bon anpil pou egzema.Li gen pou fòmil : ZnO

!.- Pou fè
Oksid zen

Yo mete:

Zn++

O- -

Zen + oksijn ----> Oksid zen

Ekwasyon:
2 Zn + O2 ----> 2 ZnO

Remake byen se 2 zen yo mete ak yon Oksijèn
paske tou 2 gen menm kantite yon. Men oksijèn se yon gaz natirel li ye. Zen genyen 2 katyons Z++, Oksijn gen 2 anyon O- -. Kidonk 4 katyon Zn + 4 anyon O- -, pa gen danje piske ekwasyon wan byen balanse. Se konsa tout reyaksyon chimik fèt.

Si 2 eleman pa gen menm kantite yon , pou ekilibre reaksyon wan ou fè yo fè yon echanj yon . Men kouman yo fè yon seri de lòt oksid:

2.- Oksid aliminyòm ki gen pou fòmil:
Al2O3
Mete:

Al+++

O - -

Aliminyòm
gen 3 catyon e Oksijèn gen 2 anyon. Yo depaman! Nou blije ranje yo pou yo gen menm kantite yon. Kouman nou fè sa:
 
Aliminyòm + oksijèn ----> Oksid aliminyòm ke yo rele ankò (Alimin)
Ekwasyon: 4 Al + 3O2 ----> 2 Al2O3
Konprann byen:

Piske Aliminyòm
gen 3 yon, lè w miltipliye l pa 4 li fè 12 yon Oksijèn gen 2 yon, men se yon gaz li ye. Nou wè li gen yon ti (2) anbal. Kidonk nou gen:

3 x 2 x 2 = 12 yon oksijè
n.

Kidonk 12 yon aliminyò
m + 12 yon Oksijèn, pa gen danje. Ekwasyon wan balanse
 
3.- Oksid kwiv
ki gen pou fòmil CuO
Mete:
Cu++
O- -
Yo chak genyen 2 yon. Maryaj la tou fè
t pou kòl. Men kòm oksijèn se yon gaz li gen yon ti (2) anbal nou blije pran 2 kwiv
 
kwiv + oksijn ----> Oksid kwiv
Ekwasyon: 2 Cu + O2 ----> 2CuO
4 yon kwiv plis 4 yon oksijèn. Pagen danje. Tout sekrè yon ekwasyon chimik se byen balanse l.
Se konprann ki fè
syans se pa lang. Yon jès Sèlman sifi pou konprann sa yon moun vle di w. Ou pa menm bezwen pale okenn lang. Kreyòl kanpe kon talatàn ak tout leksik li pou l pèpiye lagrandè lan nenpòt ki syans. Se nou menm teknisyen ki pou pran devan pou nou simaye limyò pou retire pòp la lan fò nwè. Zòt pap fè l pou nou. Si se franse ou byen angle nap tann pou n simaye teknoloji pou lavi miyò an Ayiti, nou fenk kare tann. Nou gen pou nou tounen pwa tann. Twouse manch nou byen, batay la di, paske gen anpil entèlektyèl bèk fen, fòs yo se lan pale franse li ye, Se sak fè yap voye toya monte konmsi kreyòl pa ka fè syans. Fo w konn la pou al la. Chimi pa maji ni majigridi.
 
Eksperyans

Se konnen ki fè. Pakonnen se rete gade.Eksperyans
pa lan rans. Pale anpil fè machwè gonfle . An palan de chimi an nou kite ko pou nou pran ka:

1e ka .-
Ki sak fè
dife limen ? Kouman pou nou touye yon dife ?

ou limen bwa ou byen chabon anba yon chodyè pou bouyi manje w, ki fè bwa ak chabon boule se paske yo gen kabòn (C) ladan yo ki al melanje ak oksijèn ki lan la nati pou l fè lafimen. Li gen di-oksid kabòn ou byen ankò gaz kabonik ki degaje anpil chalè pou kwit manje ya. Si nou pase alimè yon kote ki pa gen oksijèn li pap limen.
ponpye ap touye dife, yo voye yon mous ki toufe dife ya, sètadi li fè yon kim ki anpeche dife ya jwenn oksijèn pou l kontinye limen. Si dife pran lan yon bagay depi w toufe l lap tenyen. Ou gen dwa etenn dife ya ak dlo tou men fòk ou vide anpil dlo pou toufe l. Tandis ke yon ti kras mous toufe dife ya.

Atansyon
Di-oksid kabò
n se yon pwazon vyolan. Si nou respire l lap toufe nou. Depi kay ou byen yon machin pran dife se rale kò nou. Sak pi rèd la, lè yon kay pran dife se pòt ak fenèt yo kouri louvri olye yo fèmen yo. Lè yon motè machinlè pran dife se kapo motè ya yo kouvri leve. Se lè saa dife di men li, paske li jwenn plis oksijèn. Si yo voye sab ou byen tè sou fwaye dife ya, lap etenn li paske li anpeche l jwenn oksijèn. Lè dife pran sou yon moun ou bat li ak yon moso twal pou touye l. Si moun lan pa gen sekou, li gen dwa roule atè pou l touye dife ya pou kont li.
 
2e ka.-
Pou ki sa Fè
rouye?

nou wèl machin, kiyè, kouto, fouchèt, pèl, pikwa, grenn klou, tout sa ki fèt an fè rouye se paske yo jwenn ak imidite. Oksijèn ki gen lan dlo wa atake fè ya pou l okside l. Sonje ke nou te di senbòl Fè se (Fe++) tandiske senbòl oksijèn se (O- -). Lè 2 katyon Fè marye ak 2 anyon Oksijèn, yo fè oksid de fè ( FeO) ke yo rele rouy. Yo di ke fè ya rouye Men vrè non chimik rouy se oksid de fè.
Pou anpeche po machin rouye yo douko l pou dlo ki tonbe sou li pa atake tò
l la ki fèt ak Fè. Malgretou nou wè machin yo toujou komanse pouri anba zèl . Karotchou yo kap vire, voye dlo ki lan la ri ya anba zèl machin lan. Oksijèn ki lan dlo wa kole ak fè ki lan po machin lan li rouye l sètadi li okside l. Se men bagay tou ak kiyè chodyè, tout sa ki fèt anfè. Tout mèt machin ki gen konprann fè voye grès anba machin lan pou izole l ak dlo. Tout ajantri nap sèvi, fabrik la mete yon kouch kròm (C) sou li pou pwoteje yo kont oksijèn (O) ki lan dlo wa. Se sak fè yo pa rouye tout otan yo pa pèdi sak sou yo wa.
 
(Fe) rouye li fè kal. Sa vle di ke se kouch ki kole ak dlo wa ki okside dabò. Epi oksijèn lan atake yon lòt kouch. Doukomann yo dekale rouy la dabò anvan yo voye douko sou machim lan. Pafwa yo di machin lan pouri, klou wa pouri men lan bon mo chimi se okside yo okside. Pou anpeche manchèt, pèl, pikwa rouye pase yon ti grès sou yo anvan w sere yo. Grès la ap izole yo. Imidite pap kapab okside yo.

3e ka.-
Kouman kloroks fè
blanchi rad, retire tach?

Yon rad ki tache ak grè
s ou byen ak lank, salte sa yo gen anpil idrojèn (H +) ladan yo. Pou blanchi yo ou vide kloroks lan dlo kap lave yo wa. Kloroks fèt ak yon eleman chimik yo rele Klò (Cl) ki chaje ak oksijèn (O- -) . Lè li jwenn ak tach la, ki gen idwojèn (H +), Oksijèn (O- -)ki lan klò wa, al kole ak idwojèn ki lan salte ya, li okside l. Li fè yon kim tou blanch ki pran salte ya. Ou pa wè l ankò paske li blanchi l.
 
KEKSYON

Eske Ayiti gen eleman chimik pou l fèd endistri sa yo mache lan peyi ya?

Li chaje kon legba. Daprè
w pou ki tout mouch sa yo vle poze sou nou? Mwen kwè yo di ke nou pòv. Te m ban nou yon losyè:

a) Ak ki sa yo fè
kloroks ?

Ayiti rich tèt touni! Se ak dlo sale yo fè kloroks. Lanmè Gonayiv, lanmè Lagonav, Grann Salin elatriye ap bannou sa fen.. Pou fè kloroks ou mete dlo lanmè lan yon veso. Ou fè yon reyaksyon dekonpozisyon yo rele elektwoliz, tankou nou te pale de sa pou dekonpose dlo H 2o an H 2: idwojèn ak O2: oksijèn ki ka sèvi lan lopital ak lan konpresè pou bòs fèje yo soude. Ayiti ka fè kloroks, sel fen, ak idwogèn alèz. Se va yon gwo sous anplwa ak revni. Ti lajan nap voye achte kloroks lò bò dlo wa, la tou rete lakay. Se va yon gro souf pou bidjè nou.

b) Ki sa ki elektwoliz la?

Nou deja pale de sa deja pou dlo H
2o, men 2 fwa pa tròp. Elektwoliz se yon kouran electrik ke w fè pase lan dlo sale ya. Ou mete 2 bokal ladan tèt anba. Lè kouran an pase idwojèn ap monte lan youn epi Klò ap plen lot la. Ou gen dwa fè eksperian saa lakay ou ak yon batri. Mete yon fil lan bòn negatif batri ya epi fourel anba yon bokal ki pwal plen ak idwojèn ki anplis la. Fil ki konekte lan bòn poziti batri ya pwal plen lòt bokal la ak klò. Men yo vann machin endistriyèl pou fè klò an kantite. Lè yap pale de kloroks ou byen dlo de Javel, se yon komèsyal yo bay kloroks.

c) Galvanoplasti

Ak menm elektwoliz la bos fè
je gen dwa fèvey. Yo gen dwa mete kròm ak lòt bèl koulè sou chèz, tab, elatriye. Yo pap dekale fasil. Se sa yo rele galvanopasti. Kròm lan pwal ogmante valèb fèje yo ki vini klere. Se fasil pou vann yo lan peyi lòt bò dlo. Kròm lan non sèlman li fèb fèje yo pi bèl, men li proteje yo tou pou yo pa rouye. Se ak galvanoplasti ke yo fè tout ajantri, defans macjin nikay elatriye vini klere tankou miwa lèzanj pou anpeche yo rouye.

Ayiti pa pò
v se inyorans kap touye nou. Lan 2 tan 3 mouvan enfòmasyon kapab gaye, teknoloji kapab fleri. Pou pwoblèm nou genyen, nou pap gentan aprann tout moun pale franse ou angle tèlman byen pou yo gentan sèvi pou kont yo ak liv teknoloji lòt peyi. Epi ak ki lajan nou pwal achte yo?Se pa vle nou pa vle pèsonn pale bèl franse ak bèl angle. Si sa te rive deja, se ta pi bèl mèvey. Men se li fèt tou fèt nou pa bezwen konnen kilès ki papa l. Se degaje n nou okipe l. Men pitit pa jan m fèt san manman. Kidonk se liv pa nou pou nou ekri lan lang manman n, pou pèp la konprann pi byen, pou peyi nou avanse pi vit. Sa k dakò tcheke m sou entèt la, pou nou pouse kabourèt nou pi devan.
--